Fofo and Lolo store

Fofo and Lolo store Robe ,culotte,chemises et d autres articles.

28/05/2025
Moule gros pâté
08/04/2025

Moule gros pâté

03/08/2024

13_ bagay pou yon fi pa janm fè lè nou renmen ak yon gason.

1- Pa janm nan al dòmi leve kay yon nèg ki jus renmen avè w plede bourike tankou sèvant pou li. Eske l marye avè w? Manyè aprann bay tèt ou valè jenn fanm se foli pote non madanm ou genyen, foli dòmi ak nèg, tann lè w.

2- Sispann plede achte kado pote bay manmanl, mwen pa di’w pa ka fel yon ti kado. Men ou tounen tonton nwèl nan bay kado telman ou anvi gen nèg la. Ou tounen estetisyèn pa fòs nan penyen sè l, kouzin li, wap fè zong yo, tout sa pou yo ka aksepte w nan fanmi an. Yap griyen dan sou ou paske yo wè w se yon dezespere. Plis ou pa soumoun se pi plis y ap respekte w.

3- Sispann ak koze 5 lane fiyanse a, se yon pawòl yo ba w kenbe pou yo ka gaspiye tan w. Moun pa w la pap fè w fè tout joujou sa.

4- Sispann poste l tout jounen sou facebook, Whatsapp pandan li pap fè l pou ou paske l pa konsidere w vre kòm fanm li. Wap bloke yon nèg serye ki te ka byen anvi avè w pou grenmesi...

5 – Pa meprize ni joure nèg kap ekri woubyen koze avè w sou pretèks kew angaje deja. Oh je suis prise poutan nèg la ap fè w monte le ciel pa do...

6- Sispann tounen ti bòn nan lave, pase, fè manje pou li, epi lakay li ankò wi souple. Banm poze w yon ti kesyon: Poukisa li pral marye avè w la? Bon ou deja jwe wòl madanm nan. W ap sezi wè li kwaze yon ti fanm nan 2 3 mwa ou wè maryaj li poste sou entènèt.

7- Pa janm dezobeyi paran w poutèt yon nèg ke w renmen. Paske anpil fwa se menm nèg sa ki pral fè’w pran pi gwo desepsyon devan fanmi w ak zanmi’w...

8- Pa janm prese ouvri janm ou bay yon nèg jis paske l di w lap marye avew, se yon moun tankou w li tap chèche, kote’w te ye depi tann dat sa. Soyez vigilantes les filles. Lè nèg bezwen plimen li fè pwomès pase Jovnel Moyiz.

9- Pa janm aksepte mennaj filme w pandan ou avel ap fè lanmou oubyen fè bagay. Se ak sa ankò li gen pou’l sèvi kòm presyon lè’w ta anvi kite l. Kenbe prestij ou ti chérie, pa sal imaj ou...

10- Pa janm aksepte rete ak yon gason kap leve men sou ou sou pretèks ke lap chanje yon jou. Sou pretèks ke’w renmen’l anpil e ke’w pa vle pèdi’l. Wap delivre wi men jou sa lap telman bat ou wap tou mouri, (Dezole si’m di sa, e se pa sam ta swete). Men fò’w sispann rete nan yon relasyon esklavaj...

11- Pa janm rete ak yon nèg kap banboche, pran fanm pasi pala sou pretèks ke pa gen gason ki fidèl. Ou bezwen anpil lapriyè ma fille paske OUI gen gason ki fidèl.

12- Pa janm panse ke depiw ansent pou li nèg la deja pou ou. Tu te trompes ma cocotte, gen twòp blofè deyò a, ansent pa ka fè yon nèg rete avew. Lè sa ou pral mete yon inosan sou tè a, yon timoun ki pral petèt pase mizè, ki pral pozew kesyon: manman kote papa’m, men’w pap ka reponn paske se nan nayivte w ke sa rive w. Ou te twò dezespere...

13- Pa rete ak neg ki fè w santi ke se yon gras li fè w paske l avè w. Lap pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegwi ke pou neg sa ta respekte w.

01/08/2024

Pa antre nan mitan moun Bondje ini pou kelkeswa rezon an sou kelkeswa fòm nan, paske apre ou pap annafè ak lèzòm ankò men wap gen dizon ak Letènèl. Jenn gason m konprann sosyete a ap rele'w jènjan lè'w ap mache mete do madan marye atè men se konnen ou pa konnen kisa kap tann ou devan, m konnen ou fyè pou'w mache fè djòlè men pito sa te fini fasil jan'w panse a. Menm si se madan marye a ki ta vin file'w si'w konnen'l marye ou aksepte se ou kap antò devan Bondje. Jenn fanm yon mesye marye ap aproche'w ranje sandal ou nan pye'w epi kouri rele bare vòlè menm si'w paske moun marye kap fè'w pa vle byen pou ou. Lè'w antre legliz pou marye ou gen promès sou tèt ou devan ni lèzòm ni Bondje, gen plis fèt nan syèl la ke ti resepsyon nou fè nan maryaj nou an. Sa vle di inyon an fèt ni nan syèl ni sou latè, KIYÈS OU YE POU'W SOTI POU'W KRAZE SA BONDJE MARE? Kiyès ou ye pou'w kraze sa ki fè Bondje plezi? Ki avoka ki pral defann ou devan'l. Si yo vle yap divòse pou kont yo men ou menm pa bat se ou ki pou koz la oubyen pou'w ta konplis. Sak gen zorèy tande depi'w ap annafè ak moun marye se malediksyon wap mete sou ou. Tan an fini tout sa ki sal lèzòm aplodi tout sak imoral fè je yo plezi. Bat pou'w pa fè pati moun kap viv pou fè lezom plezi men pito pou'w fè sila ki te kreye'w la kontan.

29/01/2024
29/01/2024
Eske wè nap panse pou ou achte youn pou fè cheve w bel ,penyen penyen w byen bel.Mm achtel epi remèsye nou paske wap kon...
18/12/2023

Eske wè nap panse pou ou achte youn pou fè cheve w bel ,penyen penyen w byen bel.Mm achtel epi remèsye nou paske wap kontan 47201817 whatsapp. Fé chevew rapid fè kwafi l vle.

Desanm se peryòd kado ,bay timoun ou apresye kado,ou bay pitit ou,ou bay lot timoun nan antouraj ou ,yon bel jes lanmou ...
18/12/2023

Desanm se peryòd kado ,bay timoun ou apresye kado,ou bay pitit ou,ou bay lot timoun nan antouraj ou ,yon bel jes lanmou konte men ardwaz ak tt kreyon li ke w ka fè yon timoun kado.Mwen ret kwè sa ap rete nan memwa li .Rele ekri nan 47201817 Whatsapp .

Adresse

Simon
Cayes

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00

Téléphone

+50947201817

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Fofo and Lolo store publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Fofo and Lolo store:

Partager