La Casa de Slyne_2

La Casa de Slyne_2 La Casa de Slyne c'est un magasin qui rendre plus facile des articles de qualité à un prix imbatta
(1)

11/10/2025
Haiti bat Nicaragua 3-0! 🇭🇹⚽ Gwo viktwa pou ekip nasyonal la! Ki jwè ki pi ou te renmen nan match la?                   ...
10/10/2025

Haiti bat Nicaragua 3-0! 🇭🇹⚽ Gwo viktwa pou ekip nasyonal la! Ki jwè ki pi ou te renmen nan match la?

15/06/2025

Men youn nan erè anpil moun nan djaspora Ayisyen an fè. Yo di w :
- M pap envesti nan peyi etranje, peyi moun pa peyi m.
- Avan m achte yon kay isit ban m fè yon vye bout kay nan peyi m pou si yo ta voye m ale.
- Ban m fè yon biznis nan peyi m, m a bay fanmi m jere l pou mwen.
Si w se youn nan moun ki panse konsa, pòs sa a se pou ou.
Zafè lajan, se yon syans li ye, li pa regle ni ak santiman, ni ak emosyon, li regle ak done.

Ann kòmanse ak kesyon kay lan; si w gade estatistik sou mache imobliye ameriken an pandan 10 dènye ane yo, w ap remake ke an mwayèn pri kay yo double. Donk, si w te achte yon kay an 2015 pou $200,000, gen posibilite pou kay sa a gen yon valè mache de $400,000 kounya. Poutan si w te fè yon kay Kwadèboukè an 2015, gen posibilite pou se Lanmò 100 jou k ap dòmi ladan l kounya.

Ann ta di ou anvi retounen viv Ayiti, ou ka vann kay sa a, ou peye rès kòb ou rete sou li an, epi ou pran diferans lan ou tounen nan peyi w, ou fè yon kay epi w ouvri yon biznis.

Pou biznis lan ankò se menm bagay. Etazini se pi gwo mache ekonomik nan mond lan nan sa ki gen pou wè ak pouvwa acha. E se youn nan peyi ki politikman pi estab. Si se vre ou gen bezwen plis kapital pou w kòmanse, si w konn kòman pou w navige mache kredi an, w ap jwenn kòb prete. Etazini pa tankou Ayiti, fò w senatè, depite, ti fanm senatè pou w jwenn kòb prete nan ONA. Anpil bank ak enstitisyon finansye plis anvi prete w ke w anvi prete. Lòt bagay tou, yon biznis, lè l apèn ouvri, se tankou yon ti bebe, li bezwen anpil swen pou l chape. Al lage yon biznis nan men yon fanmi, ki petèt pa menm konprann sakrifis ou fè pou w envesti, ka lakoz ou pèdi kòb sa e kreye gwo divizyon nan fanmi an. Poutan si w te envesti Etazini, ou te ka fè pwofi epi nan pwofi sa yo w al envesti an Ayiti. Lè sa ou t ap gen yon maj risk ki pi elve.

Wi, nou tout renmen peyi nou, nou tout ta vle bati epi envesti ladan l, sepandan nou dwe fè sa avèk entelijans pou n pa detwi pwòp tèt pa nou, pandan ke n panse se byen n ap fè. E, pi gwo bagay lan se envesti nan tèt ou kote w ye deyò an avan menm w al envesti lakay. Paske, lè w "mal fòme", ou reprezante yon danje menm pou pwòp tèt pa w.

N.B. Ribrik sa a, se Xplwa Services LLC ki te pote l pou ou, pase abòne ak paj li an si w poko fè sa.

15/06/2025

PRIÈRE, ADORATION LOUANGE.. | Check out Prière-Évangelisation LIVE videos on TikTok! Watch, follow, and discover the latest content from Prière-Évangelisation.

22/02/2025
15/06/2024
15/06/2024

Adresse

Delmas

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque La Casa de Slyne_2 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à La Casa de Slyne_2:

Partager