30/03/2024
👉👉Ki jan yo fè yon beny entans pou atire chans sou ou 👉
Pataje ! Pataje !
NB : avan ou fe yon Beny chans fok ou retire giyon _deven _ tout sa ki negativ sou zanmi ki bare ou _ donk yonn pa mache san lòt si'w gen ide pase mòp nan kay ou fòk pye ou pa sal lè wap antre ladan avan ou fe benyen sa gen lòt benyen ou ta dwe fè pou ka jwenn solisyon pi efikas yonn pa mache san lòt 🤷🏼♂️
👉👉 ENGREDYAN :
👉Yon anana ki byen mi
👉 4 fèy lorye ki pa chire
👉16 grenn jiròf
👉 yon bokit Dlo sil te ka dlo sous li tap ankò pi bon
PREPARASYON :
Koupe anana an ti moso apre yo fin retire tèt la epi san ou pa kale anana a. Mete tout bagay nan bokit la epi jirof yo ak fèy lorye a ajoute yon kantite dlo rezonab.
ITILIZASYON:
Kite 24 èdtan pase sou li epi lave tèt ou ak li nan maten an alantou 8 am ak nan aswè a alantou 5 pm san yon eponj savon, ou pa netwaye tèt ou pa sechel tou kitel sèch poukò li .
*NB : se ou ki pou fèl poukò ou pa bay moun fèl ni videl sou tèt ou 🤷🏼♂️
enpòtan : NB: fèy lorye ki fre yo pi rekòmande pou reset sa si w pa fè sa.
Men si wap sèvi ak fèy sèch .Se fè Beny an yon Mèkredi epi nou lave tèt ou ak li jedi apre sa gen 24 èdtan.