12/02/2026
“Nan sikoloji, sèvo a pwoteje imaj li genyen de tèt li.”
Sa vle di kisa vrèman?
Chak moun bati yon imaj de tèt li nan lespri li:
“Mwen se yon bon moun.”
“Mwen pa konn fè mal.”
“Mwen toujou gen rezon.”
Men kestyon an se: kisa ki pase lè reyalite a frape imaj sa?
Souvan, olye nou aksepte nou fè erè, sèvo a chèche eskiz.
Li blame lòt moun.
Li minimize fot la.
Li chanje istwa a pou l ka toujou santi li “bon”.
Se pa paske nou mechan.
Se paske sèvo a pa renmen santi li an danje.
Lè yo atake konpòtman nou, nou santi se nou menm yo atake.
Men filozofi mande nou yon lòt kestyon:
👉🏾 Èske verite a pi enpòtan pase imaj nou?
👉🏾 Èske nou gen kouraj pou kraze imaj sa pou nou grandi?
Paske pafwa, sa ki anpeche nou evolye se pa mank kapasite…
Se pè pou n wè tèt nou jan nou ye vrèman.
Vrè fòs la pa nan pwoteje imaj nou.
Li nan aksepte feblès nou.
Kisa nou panse? 👇🏾
Èske sèvo a pwoteje nou… oswa li anpeche nou grandi?