25/03/2026
Nan plizyè katye nan peyi a, tankou pam nan, gen yon sitiyasyon ki kòmanse bay anpil tèt chaje: kèk moun ak komèsan refize pran bilten 10 goud papye ak pyès 5 goud. Fenomèn sa a ap kreye konfizyon, fristrasyon, epi li mete presyon sou sitwayen ki deja ap lite chak jou pou fè fas ak lavi chè.
Dapre prensip ekonomik ak legal, tout lajan ki emèt pa Banque de la République d’Haïti rete yon mwayen peman ofisyèl ki dwe aksepte sou tout teritwa a, sòf si gen yon desizyon ofisyèl ki retire yo nan sikilasyon. Jiskaprezan, anpil sitwayen di yo pa janm resevwa okenn kominike klè ki fè konnen bilten 10 goud papye ak pyès 5 goud pa valab ankò.
Refi pou aksepte lajan sa yo pa sèlman mete kliyan yo nan difikilte, men li ka lakoz dezòd nan ti komès yo, ogmante konfli ant achtè ak vandè, e menm kreye yon fòm diskriminasyon ekonomik kont moun ki pa gen lòt mwayen pou peye.
Sitiyasyon sa a mande yon entèvansyon rapid ak klè nan men otorite konsène yo. Nou lanse yon apèl bay Banque de la République d’Haïti ansanm ak Ministère de l’Économie et des Finances pou yo pote limyè sou kestyon sa a. Eske bilten 10 goud papye ak pyès 5 goud toujou gen valè legal? Si wi, ki mezi ki pral pran pou fè respekte itilizasyon yo? Si non, poukisa popilasyon an pa jwenn enfòmasyon klè sou sa?
Yon peyi pa ka mache nòmalman si pa gen konfyans nan lajan li. Se poutèt sa li enpòtan pou gen bon jan kominikasyon, desizyon ki transparan, ak respè pou dwa chak sitwayen nan tranzaksyon ekonomik yo.
Popilasyon an merite verite a. Otorite yo dwe pale.
✏️ADEB