Flobensi da problem

Flobensi da problem promoting culture

31/07/2020

Konn krey ou byen

🚩🚩🚩🚩🚩🚩
17/06/2019

🚩🚩🚩🚩🚩🚩

14/10/2016

Inite
Produced by: Flo-bensi
Feat Enely & Rod Ume.
.Intro
Steve Brunach

Men tanbou siw Tande
Rasanble yo souple
Gen lontan'n separe
Tanpri fe n jwenn rasin ohh

(Bus)




Depi nan ginen
Gen yon myth nan sevo nou
Ki mare nou
Chak fwa poun INI
Li fe nou paka mete tet nou
Ansanm
Li met nan panse'n
Nou chak se Pou nou klere
Pou zye nou
Fe'n gen LA haine Pou lot
Chak fwa'n genyon pwochen
Kap pwogwese

200 ans apre
Li devan zye'n LA li bare nou
Li fe nou pa ka we
Si nou gen yon peyi poun sove
E nou montre a klè
Linyon se pa sa nou prime
Yon sosyete nap viv
Kotem we lanmou limite

Nou gen yon avni yon nasyon
Yon jenes poun sove
Peyi'n se figi' n se fyete'n
An nou tout mete men'n
Pou'n te libere nou revolte
Nou te menm vèse san'n
Pou'n fe jodia ,ayisyen
Mete tet nou ansanm.

Refren
..Si nou LA se paske nou kwe nan linete eeee
Menm sin pa gen menm paran se Fre nou ye tandeee
Se linyon ki te ban nou libete ee.
Men nan men an nou we si nou kapab dekoleeeee
Tet ansanm
Se sel mwayen ki ka sove nou
Tet ansanm
Si nou vle we peyi n pwogreseeee
Tet ansanm
Ann pyete poun we si n ka rivee
Tet ansanm.

Verse ll
Verse ll
Pouki se nou jodia
Ki pa vle met tet ansanm
Tankoun bliye 1804
Sanset yo te fel ansanm
Yon peyi yon nasyon
Pouki tout tan divizyon
Relijyon politik
Fristrasyon mete n nan ilizyon

Lespri nou rich
Men peyin pa gen nich
Poun poze
Neg yo konplis
Twop sakrifis fe peyin bloke
Pagen jistis
Tout diyite fyete nou ale
Poukin pa konprann
Poukin pa antann
Yon peyik lopital
Ki kouche sou kabann

Konsyans nou , ipokrizi
Fe yo we nou mele
Tankou zonbi
Inyorans nou, jalouzi nou
Fe n bliye ki kote nou te soti
Olye n trayi , pito n INI
Nou pa dwe ret tou tan nan zizani
Pou Ayiti an reyini
Pou montre lemond nou ka refe li.

Refren...Si nou LA se paske nou kwe nan linete eeee
Menm sin pa gen menm paran se Fre nou ye tandeee
Se linyon ki te ban nou libete ee.
Men nan men an nou we si nou kapab dekoleeeee
Tet ansanm
Se sel mwayen ki ka sove nou
Tet ansanm
Si nou vle we peyi n pwogreseeee
Tet ansanm
Ann pyete poun we si n ka rivee
Tet ansanm.

Verse lll
..Verse lll

Anpil fwam santim raz
Anyen nan bouch mwen pa gou
Lem we se menm nou menm
Ki met peyin ajenou
Defwa m konn dim bay vag
Lem we chak jou nap goumen
Men sa ki plis fem mal
Se antre nou ayisyen

Nou s'on pep ki brav
Ansanm n'abitye lite
Le nou met tet ansanm
Pagen obstak nou pap travese
L'union fait LA force
Deviz LA pou'n aplike
Si nou vle we prospè
Ayisyen fòn kwe nan linite

Fe sakrifis nou ki LA
Pou nou pwojte yon lot vizyon
An'n fe avan'l pi ta
An nou poze bon aksyon
Nou se ayisyen
Ayiti se peyi a
Ansanm An'n bay lot yo lamen
Pou'n ka sove PATRI A.

Refren..Si nou LA se paske nou kwe nan linete eeee
Menm sin pa gen menm paran se Fre nou ye tandeee
Se linyon ki te ban nou libete ee.
Men nan men an nou we si nou kapab dekoleeeee
Tet ansanm
Se sel mwayen ki ka sove nou
Tet ansanm
Si nou vle we peyi n pwogreseeee
Tet ansanm
Ann pyete poun we si n ka rivee
Tet ansanm.

Chorus ... ...

30/01/2016

Listen to Kilot Anko - Flobensi Feat dj last and daddy by Flo-bensi da problem on

Kilot anko By Flo-bensi feat dj last & daddy djo
14/10/2015

Kilot anko
By Flo-bensi feat dj last & daddy djo

Adresse

Rlle SAJOUS # 88
Gonaïves
ARTIBONITE

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Flobensi da problem publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager