06/10/2025
* »Antanke Direktris FloreCrochet, mwen fyè dèske mwen ka mete talan ak pasyon m pou sèvi kominote a. FloreCrochet se plis pase kwochè — se yon espas pou leve tèt timoun ak jèn yo, pou enstwi yo, pou motive yo, epi pou montre yo fòs ki genyen nan kreyativite ak travay men. 🧶✨*
Chak sesyon, chak atelye, chak rankont se yon opòtinite pou plante grenn lespwa, konfyans, ak avni. M ap kontinye kwè, travay, epi bati pou kontribiye nan yon demen pi bèl, kote metye manyèl yo gen plas yo, e kote chak timoun santi li gen valè.