27/04/2024
Pa mete aplikatè nan zòrèy nou
An 2018, m gen yon bri k ap fèt nan zòrèy mwen. M te fenk rekòmanse travay m te chita anfas yon klimatizè m di se li ki fè sa. Apre plizyè jou, m reziyen m ale kay yon spesyalis, tèlman m santi li pa nòmal.
Zòrèy se yon ògan nou jis wè ki pèmèt nou tande, men li jwe anpil lòt fonksyon nou pa menm rann nou kont. Tankou mache, desann eskalye te patikilyèman difisil pou mwen paske sans sa te afekte. M vin aprann nan moman sa ke odisyon gen anpil enpòtans nan ekilib fizik nou.
Avan menm mwen wè doktè a, asistan l fè plizyè tès nan zòrèy mwen. Fèmen m nan yon pyès, fè de tès ak yon machin pou yo wè kòman m reyaji. Lè yo envestige yo rann yo kont, m gen sa nou rele nan langaj nou dlo nan zòrèy. M fè lòt tès. Doktè a mande m "eske m konn rann mwen kont m ap grate gòj mwen san m pa chwazi l"? Epi li kontinye di m grate gòz ou san w pa rann ou kont konn yon siy asidite nan lestomak ki pouswiv rive jis nan zòrèy. Lasyans o!
M pat santi asid lan, menm konnen m te konn gen pwoblèm sa yo pi jèn. Sak pase asid la fè yon "mucus" ki se yon likid ki epè, lè l ap remonte nan gòjèt ou li nwi w. Ki di gòj, di zòrèy, nen, kou...vizaj an jeneral, m te al konsilte yon ORL (oto-rhino-laryngolosiste).
Moun ki gen pwoblèm estoma sa yo konn ap dòmi sou plizyè zorye pou yo ka alèz. Yo konn tèlman gen difikilte respiratwa ou konn panse y ap rakle lè y ap dòmi. Pwoblèm sante yo konn entèkonekte. Si w trete malèz ke ou jwenn an sifas la sèlman san w pa envestige, ou ka wè l toujou ap retounen paske ou pa janm adrese koz reyèl lan.
Brèf! Pou trete sak t ap nwi m nan zòrèy lan, fòk yo te trete pwoblèm lestomak mwen e montre m kèk teknik pou m degaje zòrèy mwen tankou "la manœuvre de Vasalva", ke w ka itilize tou lè zòrèy ou bouche nan avyon. Apre monte desann sa kay doktè, m vin pi konsyan de aliman m ap manje, konbinezon yo e lè m ap konsome yo (m pap bwè ji zoranj, lè m fin manje mayi, si m vle bwè ji grenadya, m limite tomat).
M te sezi e m gade doktè a jan n ap li m k ap ekri pa mete aplikatè nan zòrèy nou an, m di nan tèt mwen sa doktè an ap di konsa? Lè m mande l ak kisa m ka netwaye l, doktè a reponn mwem ak anyen 🤣🤣🤣. Pandan yon moman m di gade jan konesans fè tèt li pati. Lè m retounen nan mwen, m fè rechèch, m konprann, m pat vle retonbe malad kidonk m swiv konsèy yo. Sonje doktè a ka ba w preskripsyon pou ede gerizon w men aplikasyon an depann de ou.