08/06/2026
⭕️Dimanch 7 Jen 2026 la, nan komin Gantye an patikilye Fonparizyen Amaëlle Talisha Louis-Charles ak Donsley Joseph rive kouwone antanke ""Miss"" ak ""Mister "" premye edisyon Konkou Miss and Mister entèskolè 2026 la.
Amaëlle Talisha Louis-Charles se yon Elèv nan Collège Siloé de Fond-Parisien. Sòti depi nan match avan yo pou rive nan dènye faz lan li rete grave nan anpil moun koz li te vrèman ekselan nan sa li t ap remèt nan Konpetisyon Sila a .
Donsley Joseph bò kote pal se yon Elèv nan L'école Saint Jean Bosco de Fond-Parisen. Se te ak anpil bèl pèfòmans ke li rive fini kòm "Mister" Nan edisyon Konkou sa a.
Nap pwofite fè w konnen ke aktivite sa a fèt an kolaborasyon ak twa lekòl nan kominote parizyenwaz la : Collège Siloé de Fond-Parisien, École Christ Pour Tous de Fond-Parisen, École Saint Jean Bosco de Fond-Parisen.
Nan menm optik sa a nou vle Felisite Miss Amaëlle ak Mister Donsley san Nou pa bliye estaf ki òganize aktivite Sila a pou ede jèn yo avanse pi douvan.