Ti Refleksyon Kout

Ti Refleksyon Kout TRK pataje ide pwofon oswa konsèy pratik pou chanje panse oswa aksyon ou. Li gen twa eleman: Ti Refleksyon, Lide Klè, ak Apèl a Aksyon.

26/11/2025
26/11/2025

Do not allow people’s confidence offend your insecurity!!

14/11/2025

REFLEKSYON SOU FRANSÈ, KREYÒL AK EDIKASYON AN AYITI

Gen yon bagay mwen toujou ap reflechi sou li…
Ayiti gen de lang ofisyèl: kreyòl ak fransè. Men, an reyalite, kreyòl se sèl lang tout Ayisyen konprann.
Epi malgre sa, depi nan ti klas yo, yo fòse timoun aprann nan yon lang yo pa pale lakay, yon lang yo pa pratike nan lari, nan fanmi, ni nan kominote yo.

Souvan, gen moun ki fè konprann ke:
“Si ou pa pale fransè, ou pa edike.”
Men eske sa vrèman fè sans?

Pou mwen, pwoblèm nan pa nan moun ki pa pale fransè a.
Pwoblèm nan se sistèm nan.

Si yon moun pase 10, 12, 13 ane lekòl, epi li toujou pa metrize fransè…
sa pa vle di li pa entelijan, oswa li pa ale lekòl.
Sa vle di lekòl la pa anseye nan lang li konprann.

Ou pa ka mande yon timoun aprann leson li nan yon lang li pa metrize, menm jan ou pa ka mande yon moun aprann naje… nan yon liv.

Epi se pa sa ki vrè edikasyon an.
Edikasyon se konprann, reflechi, analize, kreye, devlope tèt ou.
Sa ka fèt trè byen an kreyòl, paske se lang nou, se lang nou panse, nou santi, nou kominike.

Lè nou kontinye mezire entèlijans ak valè moun nan kapasite yo pou pale fransè,
nou pa sèlman fè erè…
nou kreye divizyon sosyal ak diskriminasyon ki pa nesesè.

E se pa kreyòl ki febli nou.
Se move modèl edikasyon an ki limite pitit peyi a.

Jodi a, li lè pou nou sispann konfonn
pale fransè ak gen edikasyon,
paske yon moun ka pale fransè san li pa gen bon sans,
men yon lòt ka pale sèlman kreyòl e li gen plis lespri pase anpil moun.

Yon peyi bati sou lang pèp li.
Si nou vle Ayiti avanse, fòk nou respekte lang nou,
epi fòk edikasyon an anfòm ak reyalite moun ki aprann yo.

05/10/2025
  nan menm
05/05/2023

nan menm

Dirección

Santo Domingo
Santo Domingo
11706

Horario de Apertura

Lunes 09:00 - 22:00
Martes 09:00 - 23:00
Miércoles 09:00 - 23:00
Jueves 09:00 - 23:00
Viernes 09:00 - 23:00
Sábado 09:00 - 23:00
Domingo 09:00 - 23:00

Teléfono

+18092157785

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Ti Refleksyon Kout publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Empresa

Enviar un mensaje a Ti Refleksyon Kout:

Compartir