23/09/2025
U
✨ Yè se te yon gwo etap nan travay map fè pou
KIRA ANDRE a… Apre Meta te finn monetize paj mwen an (Raki Andre), mwen te vinn pran travay la pi serye 🤣🤭 ( depi gen lajan , pagen jwèt nan sa 😁)
Mwen te Komanse fè plan, analyze e poste kontni ak estrateji, epi rete konsistan.
Apre sa, Facebook voye yon notifikasyon ki te fè kè m kontan anpil: premye kòb mwen fè sou paj sa yè
17 sept 2025 lan— se te $3.66 — Wi, $3 dola 66 santim 🥺🙏🏽
Gen moun ki ka wè kantite sa pou jwèt. Men se pa sèlman $3… se $3 nan yon sèl jou. Si ou miltipliye sa pa 30 jou, sa vin $90 nan yon mwa. Avèk $90, ou ka deja peye yon bòdwo, achte manje, oswa kouvri yon bezwen enpòtan.
Se poutèt sa mwen pa janm gade l kòm “ti kòb.” Paske chak ti etap gen valè. Chak ti viktwa se fondasyon ki ap prepare w pou gwo bagay k ap vini.
Kira te ban mwen yon misyon: fè paj sa a touche omwen $50 pa semèn. Gen moun ki ka ri objektif sa a paske li sanble piti. Men verite a se:
👉🏽 Si ou pa ka apresye $3, ou p ap janm atire $3,000 ni $3 milyon.
👉🏽 Si ou pa aprann selebre premye etap yo, ou pap gen plas pou resevwa gwo viktwa yo.
👉🏽 Rekonesans pou ti bagay yo se sa ki louvri pòt pou benediksyon ki pi gwo yo. 🌱
Mwen selebre $3.66 sa a avèk fyète, paske yon semèn pase li pa t egziste. Yè li te vin reyalite. E jodi a, mwen kapab di paj sa a ofisyèlman ap fè lajan pou kreyatè mwen e mwen fyè poum ede l fè travay la paske misyon se pou l ede lòt moun ki pagen mwayen avèl.
Sa a se sèlman kòmansman. Ann wè kijan nou kapab ale lwen. Ann wè konbyen paj sa a ap rive touche chak mwa. ✨
Mèsi paske w nan vwayaj sa a avèk nou. Chak like, chak kòmantè, chak pataj se dlo kap wouze grenn sa a. 🌾💫
💡 Si ou vle sipòte sakap fèt la , kite yon ❤️ nan kòmantè yo, pataje pòs sa a, epi kontinye angaje ak kontni yo. Ansanm, nap wè vitès nou ka rive nan objektif $50 pa semèn nan — epi plis toujou! 🚀 🤗🎉