11/05/2026
📓Jounal yon atelye kouti– NarsaGlamour
Premye semèn sa, nou pral fè konesans ak “Riban metrik” la (ruban métrique).
Gen anpil moun ki rele l santimèt. Gen menm moun ki pa bay li twòp enpòtans, paske li sanble jis yon ti riban ki pliye fasil. Men lè w antre nan yon atelye kouti, ou rive konprann ke li gen yon gran wòl…
Vrè non an, se riban metrik, ou ka rele l tou, mèt riban (mètre ruban) oubyen mèt kouti (mètre de couture). Se premye zouti ki pèmèt nou pale ak kò moun nan avan nou menm kòmanse koud. E nou tout konnen, san bon mezi, pa gen bon rad. Riban metrik la ede fè rad ki byen chita. Nan zafè koud sou mezi, li plis ke enpòtan, paske pa gen S, M, L, men pito yon sèl kò, yon sèl kliyan, yon sèl rad la.
Riban metrik la pèmèt pran mezi ak presizyon pou rad la vin tankou yon dezyèm po sou moun nan.
Se poutèt sa nan NarsaGlamour nou renmen di ke koud pa kòmanse ak machin, li kòmanse ak mezi.