13/04/2026
🚨 ALÈT SEKIRITE SEGEN
MARIGOT, SIDÈS – Sitiyasyon sekirite a nan Gran Katye Segen, ki chita nan komin Marigo, ap deteryore seryezman depi kèk tan. Dapre plizyè temwayaj ak enfòmasyon ki rive nan redaksyon Marigot Info Plus, prezans sispèk moun ame nan zòn nan ap simen yon gwo kouri ak laperèz nan mitan popilasyon sivil la.
Fas ak menas sa a k ap pwojte sou kominote a, plizyè vwa leve pou denonse yon klima ensekirite ki ka paralize aktivite sosyal ak ekonomik nan rejyon an. Gran Katye Segen, ki se yon zòn estratejik pou pwodiksyon agrikòl ak balans ekolojik depatman an, twouve li jounen jodi a nan yon sitiyasyon frajilite ekstrem.
Marigot Info Plus relaye apèl an ijans sitwayen yo k ap mande Direksyon Depatman Sidès Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) pou deplwaye fòs sekirite yo rapidman sou teren an. Entèvansyon sa a nesesè pou garanti entegrite teritwa a epi rassurer abitan yo ki santi yo lage ak pwòp tèt yo.
Se responsablite Leta ak otorite lokal yo pou yo aji prese prese pou anpeche nenpòt fòm vyolans ki ta ka gen konsekans grav sou lavi moun nan mòn Segen ak nan tout rès komin nan. Nou rete vijilan pou n enfòme n sou evolisyon dosye sa a.
MARIGOT INFO PLUS ap swiv sitiyasyon an minit pa minit.
Nou mande chak grenn moun k ap li mesaj sa a pou yo PATAJE L nèt ale pou rèl moun Segen ka jwenn repons touswit.
Marigot Info Plus