06/08/2024
GEN ANPIL MOUN KI KONN AP DI KE LÈ YO SÈVI AK KAPÒT LI BA YO ENFEKSYON, ÈSKE SE VRE?
KISA KAPÒT YE?
Prezèvatif, Kapòt oswa kondòm se yon etwi mens e soup, san ak sekresyon ki soti nan vajen an osinon peni an paka travèse li, li fèt an latèks oswa an poli-iretàn.
Gen kapòt pou fanm, gen pou gason tou, kapòt itilize pandan relasyon seksyèl e li se sel mwayen proteksyon kont enfeksyon moun ka pran nan fè bagay (IST).
POUKISA NOU TOUJOU WÈ KAPÒT YO GEN GRÈS?
Grès ki sou kapòt la gen wòl li, li la pou rann penetrasyon an pi fasil e san doulè, li la pou evite dechiri pandan fwotman yo e sa anpeche tou kapòt la chire.
Gen anpil fi ki pa renmen lè patnè yo mete kapòt akoz yo te fè yon move eksperyans ak yon kapòt. Nou dwe konnen ke sa ka rive yon moun alèji ak pwodwi ki nan yon kapòt men sa pa vle di ke tout kapòt menm jan. Kidonk ou ka eseye yon kapòt ki fèt ak yon lòt pwodwi. Paske kapòt lan la pou pwotejew kont ansent avan lè, enfeksyon ak maladi moun trape nan fè bagay, li pa la poul baw enfeksyon.
MEN ERÈ MOUN NAN KA FÈ PANDAN L'AP METE KAPÒT LA KI KA PETÈT BAY FI A ENFEKSYON
Grès kapòt la pa rankontre ni posede okenn bakteri (mikròb), men fason w'ap manipile li fèw pote jèm bay patnè w :
🔸️Si men moun k'ap met kapòt la pa pwòp,
🔸️Si fason pou woule kapòt la sou tèt peni an pa fèt byen epi pote jèm ki soti nan sekresyon peni an soti nan espas ki rezève pou li an,
🔸️Si kapòt la chire.
Nou sipoze pran anpil prekosyon lè nap manipile yon kapòt, paske pafwa nou konn ap di malgre nou mete kapòt fi a ansent osinon nou trape maladi, men kisa nou sipoze fè :
🔹️nou sipoze lave men nou avan nou mete kapòt,
🔹️pa retire grès ki sou li a,
🔹️pa mete plizyè prezèvatif youn sou lòt,
🔹️pa itilize kapòt ki ekspire,
🔹️pran sa ki bon pou ou (Li pa dwe ni twò gwo, ni twò piti),
🔹️pa dewoule kapòt la ni ak zong kase ni ak danw,
🔹️pa itilize okenn lòt grès pou grese kapòt la paske yo ka frajilize li e vin rann li pa pwotejew ankò,
🔹️pa janm reitilize yon kapòt ou te fin sèvi ak li.
👇👇👇
https://www.facebook.com/pediactu00
Https://www.instagram.com/pedi.actu/