11/05/2026
🔴 Gwo panik an Repiblik Dominikèn aprè yon bato kwazyè ki soti Etazini rive nan Puerto Plata ak yon epidemi viris ki rele norovirus, kote plis pase 100 moun te deja enfekte sou bato a.
Bato a te kite Fort Lauderdale depi 28 avril 2026 ak plis pase 4,200 moun ladanl. Lè li rive nan Puerto Plata vandredi 8 me 2026 la, otorite dominiken yo te aktive tout pwotokòl sanitè yo epi yo pat pèmèt moun ki te malad yo desann sou teritwa dominiken an.
Daprè dènye bilan yo, omwen 115 moun te deja kontamine pa viris la, ladan yo 102 pasaje ak 13 manm ekipaj. Otorite sante yo fè konnen yo pran tout mezi nesesè pou limite nenpòt risk pwopagasyon viris la.