Massado Marque de vetement tenant a faire relater la culture classique Haitienne...

25/12/2025

Massado ap swete tout kliyan li yo on jwaye nwèl nan lanmou, pataj ak plis detèminasyon pou l toujou fè yo plezi.

Pran swen nou.

18/11/2024

AYITI😭🥺🌴

23/06/2024

Massado encore et toujours...

AVI‼️OU SE MEDSEN, ENFIMYÈ, FAMASYEN, LABORANTENKÒMANDE SCRUB OUBYEN BLOUZ OU DEPI JODI A NAN Massado 33342129RELE OUBYE...
11/06/2024

AVI‼️

OU SE MEDSEN, ENFIMYÈ, FAMASYEN, LABORANTEN

KÒMANDE SCRUB OUBYEN BLOUZ OU DEPI JODI A NAN Massado

33342129

RELE OUBYEN EKRI NOu🌴📸🤩

APRE BONDYE SE DOKTÈ‼️Yon fraz senp ke nou konn repete ki moutre enpòtans medsen nan koze ki gen awè ak laswenyay.Yon ra...
11/06/2024

APRE BONDYE SE DOKTÈ‼️

Yon fraz senp ke nou konn repete ki moutre enpòtans medsen nan koze ki gen awè ak laswenyay.
Yon ranpa ant lavi ak lanmò, yon moun ki la pou amelyore kondisyon sante w chak jou, fè w santi w byen nan po w. Mo yo twò piti pou tradui kokennchenn travay sa ke yap fè nan sosyete nou an.

Pa neglije temwanye GRATITID nou anvè yo. Yo se yon poto mitan nan sosyete a.

Massado ak koleksyon sa vle demoutre tout pèsonèl sante ke l ap toujou la pou yo.
Chak rad, chak stil scrub, blouz se yon ekspresyon de byenèt chak jou pi plis.

Kisa wap tann pouw fè eksperyans ak nou?

Ou menm ki anvi fè yon jès ak on Dr, enfimyè, Laboranten, famasyen... Pa Ezite, nou la pou nou sèvi w.

RezilyansOn mo ki parèt senp e poutan li charye dèyè l on pakou chaje difikilte, on wout kote pikan twouvel tribò babò.T...
28/05/2024

Rezilyans
On mo ki parèt senp e poutan li charye dèyè l on pakou chaje difikilte, on wout kote pikan twouvel tribò babò.
Tèm sa pa sifi pou wete chapo douvan kouraj ak detèminasyon on medsen, enfimyè elt... pou sove lavi moun pandan anpil fwa lakay pa pi bon ke sa.

Massado nan menm optik sa, toujou mete tout kè l, pase chak kout fil avèk anpil devouman pou eksprime fyète l nan fè travay kalite pou Ewo sa yo.

Toujou sonje ke nan Massado se toujou yon santiman byenèt pou afwonte jounen an ak kè kontan. Pran paw la jodi a.

Ou Inik...

37 99 5921
33342129

24/05/2024

MASSADO for you👨‍🦯🌴

22/05/2024
21/05/2024

Massado ap prezante nou nouvo scrub li yo
Founi je gade
Kòmande epi pataje ak on moun ou panse lap byen chita sou li...

Spot the difference👀🌴Eske w ka wè diferans ki gen ant 2 modèl sa yo?              📸  💄
20/05/2024

Spot the difference👀🌴

Eske w ka wè diferans ki gen ant 2 modèl sa yo?



📸
💄

Anpil fwa, nou toujou antouzyasm, fyè, lè n rankontre on fanmi oubyen zanmi nou ki pèsonèl lasante (medsen, Enfimyè, Lab...
17/05/2024

Anpil fwa, nou toujou antouzyasm, fyè, lè n rankontre on fanmi oubyen zanmi nou ki pèsonèl lasante (medsen, Enfimyè, Laboranten). Souri li ak akèy li konn menm fè w mande eske Dòk la oubyen Miss sa a konn gen pwoblèm.
Yon medsen se yon moun ki pase anpil peripesi, strès, ak anpil move moman pou rive kote l ye, e souple li toujou kenbe fèm malgre li konn pa resevwa menm on ti lòsyè de sa l t espere.

Dr C. Roche, nan devouman l ak pasyon l pou travay li toujou aprann nou ke : Moman sa yo ap pase, demen ap miyò.
On mantra pou kenbe fèm epi gad douvan.

Medsen, enfimyè, laboranten, famasyen chanje mond lan nan lanmou yo bay a travè travay yo.

Massado on lòt fwa ap voye yon gwo kout chapo pou yo.

Adresse

Haiti
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Massado publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Massado:

Partager