30/01/2016
Kisa PowerPlay2 ye?
Nan monn n ap viv jodiya, yon fason pou moun viv yon vi miyò se rete konekte pandan yo nan lari. Nou depann sou aparèy mobil pou dire menm tan ak nou.
Ak PowerPlay2, w ap rann lavi kliyan ou yo pi fasil lè ou ofri batri pou aparèy yo rete chaje kèlkeswa kote yo ale. Li se sèl aparèy w ap bezwen pou itilize ak tout aparèy ki genyen “Bluetooth” ou yo.
Koute Pi Byen Nenpòt Kote
Paske fòm li tou piti epi li lejè ou kapab mete opalè ou kote ou vle – jiska yon distans 33 pye telefòn, tablèt oswa òdinatè ou. Jwe lis mizik ou san fil sou iPhone, iPad, iPod, telefòn oswa òdinatè pòtab Android ou, byen fò, byen klè epi san kask.
Ak PowerPlay2, l ap byen fasil pou ou mache ak batri pou aparèy ou yo kontinye mache kèlkeswa kote ou ale. Ou kapab mache ak PowerPlay2 nan pòch, valiz, sak a do, elatriye. Pa janm kite aparèy ou byen renmen an dechaje ankò, ak yon batri derechanj ki dire lontan epi ki pèmèt ou chaje aparèy ou yo tout kote ou ale. Kounye a ou pa bezwen ap monte desann pou jwenn yon priz elektrik pou chaje aparèy ou yo. Mache ak sa lè w nan lari oswa kenbe li kòm yon batri rezèv.
Karakteristik & Avantaj
Voye konpa monte! Jwe Mizik san fil nan telefòn, tablèt, oswa òdinatè ou
Pale pale w! Reponn telefòn ou ak men ou lib nenpòt kote
Bay chaj! Chaje telefòn oswa tablèt ou san yon priz