Ujapha Ujapha:Union des Jeunes en Aide aux Personnes a Handicap Auditif. Notre objectif: Permettre a ces personnes d’être plus utiles a la société.

19/07/2018
05/12/2017

Chak moun ki fèt té dwé fèt. Malgré tout difikilté la vi, chak moun ou wè gen dwa pou-l la. W-a jwenn sosyété ki méprizé moun pou sa yo yé ou byen pou sa yo pa yé, men, ékzistans nanm moun sa-a dépasé ti préjijé, ti mès, ti “mété moun an karantènn,” ti “divizé an klas” ti klan, ti gwoupman. Donk, plis sosyété ya vinn pi pòv nan fason li trété moun, plis la vi dégradé tankou you vyé bonm émayé ké tan ak vyé so vinn dékalé.

Sistèm péyi nou pasé anba pyé menm moun ki enganm, alévwa moun ki genyen yon andikap, sé sa ki fè ké ti moun ki soud, ki bèbè ou nenpòt lòt andikap, y-ap monté yon maswifé nan sistèm sa-a ki pa gen okenn konsidérasyon pou limanité.

Nou menm nan òganizasyon pa nou an, nou désiné kè nou nan aksyon nou lò nou bay tan nou ak aféksyon a ti moun ou byen gran moun ki nan kondisyon sa yo. Mwayen pa méziré longè filantwopi, sé jès la an prémyé ki konté, lò ou kité tout sa ou ta gen pou-w réglé pou tèt ou, épi ou akòdé yon tan présyé nan vi-w pou-w fè yon lòt moun konnen li gen enpòtans li nan la vi.

Ti moun ak kondisyon sa yo gen tout kalité pwoblèm nan sosyété sa-a ki finn débwaté: Pwoblèm lékòl, pwoblèm akséktasyon nan anviwonnman, pwoblèm adaptasyon, pwoblèm dé fonksyonnman, pwoblèm dé konfidans, pwoblèm dé révé a yon avni miyò, pwoblèm psikolojik, pwoblèm ékonomik, finalman, w-ap mandé kouman kè yo fè kontinyé ap bat toujou, ki angouman yo genyen pou yo kontinyé ap viv, paské pwòp péyi yo tounen yon lanfè pou yo.

Yon jou va vini, konté moun ap renmen moun tiut bon, konté patriyòt a pansé é mét sou pyé yon sistèm koté tout pitit péyi ya va jwi dé richès péyi san distenksyon, kòm sa dwa. Annatandan, nou ap bay kout men nou kapap, ap mwayen limité nou genyen pou-n éboché yon ti souri sou vizaj ti moun ak gran moun sa yo ki chifonnen ak mové minn dézéspwa. Yon jou kou jodi ya, y-a jwenn sipò yo mérité. Anvan wòch yo palé nan plas nou, n-ap ofri yo yon ti mo dankourajman tankou yon kado ki odéla tout bagay matéryèl.

Jean Winer PASCAL
3 Désanm 2017

05/07/2017
Toute chose en effet, a une fin.25 aout 2016 ,marque la cloture d'un evenement hors pair,organise par UJAPHA dans le but...
01/10/2016

Toute chose en effet, a une fin.25 aout 2016 ,marque la cloture d'un evenement hors pair,organise par UJAPHA dans le but de promouvoir la valeur des sourds face a la societe dans la quelle,ils essaient tant bien que mal d'evoluer.Ce camp d'ete n'etait pas seulement une opportunite d'apprentissage pour les sourds,mais pour nous aussi.car aussi longtemps qu'on travaille acec eux,ils sont tres remarquables.si nos efforts ont si bien abouttit c'est par rapport a la motivation qu'on cordialement au regard de la situation des sourds qui doit etre prises serieusement en consideratoin.Et fort hereusement il ya des personalite qui ont largement soutenu cette noble cause puis qu'il nous ont supporte our les besoins essentiels pouvant contribuer a sa reussite.

22/08/2016

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Téléphone

+(509) 36206720

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ujapha publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Ujapha:

Partager